- "M ta bay de grenn je nan tèt mwen poum maton nan sa."
- "Lè w rive nan chemen jenen, pa trennen, fonse."
- "Ou ka aprann anpil bagay nan ret swiv sèlman."
- "Pa gen pèsonn kal kote konsa ankò. Li pil sou pil."
- "M pa ka konsantre lè map reflechi."
- "Lavni yon moun pa menm jan ak dantan ankò."
- "M pap achte gwo liv ansiklopedya bay pitit mwen. Se pou yo mache al lekòl menm jan m te konn fè lèm te timoun."
- "Nou pèdi, men nou gen tan devan nou toujou."
- "Pi fò manti yap di sou mwen yo pa laverite."
- "Senkòb penich pa vo anyen jounen jodi."
- "Se kòm yon sansasyon kap repete, yon lòt fwa ankò."
- "Anyen pa fini toutotan tout bagay pa fin fini nèt."
- Madam Lindsay: "Gad jan w byen kanpe." Yogi Berra: "Mèsi, m pa ka di menm bagay la pou w."
- "Si lemonn te pafè, li pa tap lemonn ankò."